Filtè lè kabin machin nan ki nan sistèm vantilasyon machin ou an sèvi pou filtre pousyè, alèrjèn, mwazi, patikil e pafwa menm odè ki nan lè k ap antre nan konpatiman pasaje machin ou an. Filtè lè kabin nan sèvi kit ou itilize èkondisyone oswa aparèy chofaj nan machin ou an kit ou pa, paske toujou gen lè k ap antre epi sòti nan konpatiman pasaje a. Pifò manifaktirè machin yo rekòmande pou chanje filtè lè kabin nan chak 12,000 a 15,000 mil. Ou ka tcheke kondisyon filtè lè a lè w retire li epi w tape l yon ti kras. Si pousyè tonbe, ou ta dwe chanje li.
Dat piblikasyon: 24 septanm 2021


